Kondisyon Jeneral Itilizasyon
Règ ki gouvène itilizasyon Platfòm Bon Chans Paryaj
1. Akseptasyon kondisyon yo
Lè w kreye yon kont sou Bon Chans Paryaj (« Platfòm » oswa « Sit la »), w aksepte san rezèv tout kondisyon ki nan dokiman sa a. Si w pa dakò ak yon pati nan kondisyon yo, ou pa dwe sèvi ak Platfòm la.
2. Enskripsyon ak kont
Pou itilize Platfòm la, ou dwe :
- Bay enfòmasyon yo egzak ak ajou (non, dat nesans, telefòn, imèl).
- Verifye idantite w (KYC) anvan premye retrè a.
- Kenbe modpas ou sekrè epi pa pataje l ak okenn moun.
- Sèlman gen yon (1) kont pa moun. Kont diplika ap fèmen.
Bon Chans Paryaj rezève dwa pou refize yon enskripsyon san eksplikasyon, oswa pou fèmen yon kont ki vyole kondisyon yo.
3. Depo ak Retrè
Metòd peman
Nou aksepte MonCash, NatCash, Lajankou ak peman an kach atravè ajan otorize.
Limit
- Depo minimòm : 100 HTG. Depo maksimòm jounen : 500 000 HTG.
- Retrè minimòm : 250 HTG. Retrè maksimòm pa transaksyon : 100 000 HTG.
- Pwosesis retrè : jiska 24 èdtan apre validasyon KYC.
Frè
Premye depo ki anba 5 000 HTG: frè administratif 100 HTG. Tout lòt depo gratis. Retrè gratis.
4. Pari, jwèt ak peman
Tout pari ou plase dwe konfòm ak règleman jwèt la espesifik. Yon fwa yon pari konfime, li pa ka anile sof si :
- Match la oswa evènman an anile pa òganizatè ofisyèl la.
- Yon erè teknik pwouve sou cote yo.
- Adminisstratè a deside anile poutèt yon irregularite (eg. fraude).
Gen yon kantite peman ki gen yon limit sou Platfòm la (paye-out maksimòm pa pari : 500 000 HTG ; cote maksimòm konbine : 1000).
5. Konduit entèdi
Itilizatè yo entèdi pou :
- Itilize boto, sof, oswa lòt zouti otomatik pou plase pari.
- Manipile rezilta jwèt yo oswa kolabore ak lòt itilizatè.
- Itilize plizyè kont oswa enfòmasyon fwod (carte de bank vole, idantite zòt).
- Patisipe nan match yo si yo gen enfòmasyon prive (jwè pwofesyonèl, antrenè, abit).
Vyolasyon ka mennen fèmti kont, konfiskasyon fon, ak pousuit jiridik.
6. Limit responsabilite
Bon Chans Paryaj pa responsab pou :
- Pèt ki soti nan koneksyon entènèt itilizatè a.
- Erè nan rezilta evènman espò ki rapòte pa sous tyès (TheSportsDB, ESPN, lotri ofisyèl).
- Pèt finansyè akòz desizyon pari yon itilizatè.
7. Modifikasyon kondisyon yo
Nou rezève dwa pou modifye kondisyon sa yo nenpòt kilè. Itilizatè yo ap resevwa yon notifikasyon nan kont yo. Itilizasyon kontinye apre yon mizajou vle di akseptasyon nouvo kondisyon yo.
8. Kontak
Pou nenpòt kesyon sou kondisyon sa yo : info@bonchansparyaj.com oswa WhatsApp +509 3887-0645.